Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 13:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di. Men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Kelkeswa lè yo arete nou, mennen nou nan tribinal, pa fatige kò nou sou sa nou gen pou n di, di sa nou jwenn nan moman an, paske se pa nou ki gen pou pale, men se Sentespri a.

Gade chapit la



Mak 13:11
25 Referans Kwoze  

Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale, Pawòl pa Li te sou lang mwen.


Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo, pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. Li fè M leve maten apre maten, Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.


Men veye lèzòm, y ap livre nou devan tribinal yo, e y ap bat nou ak fwèt nan sinagòg yo.


“Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò.


“Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm.


Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen.


Jean te reponn e te di: “Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la.


Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.


“Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.


Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.


Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.


Konsa, yo tout nan konsèy la te fikse zye yo sou li, e yo te wè figi li tankou figi a yon zanj.


Men ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki t ap kanpe bò men dwat Bondye.


Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo.


ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a.


Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.


Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.