1 Pyè 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann. Gade chapit la1998 Haïtienne12 Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa te pou yo, men se pou nou. Granmesi moun k'ap anonse levanjil la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulyeya, bagay ata zanj yo t'ap foure je chache konprann yo. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil12 Bondye fè pwofèt yo konnen sèvis yo t ap fè a se pa t pou yo menm. Men se nou menm yo t ap sèvi lè yo te pale sou bagay nou tande kounye a granmesi moun k ap preche levanjil yo. Moun sa yo pale ak puisans Sentespri a ki soti nan syèl. Menm zanj yo ta renmen konnen plis sou bagay sa yo nou tande a. Gade chapit la |
Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li.