Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 13:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Anvan sa, fòk yo anonse Bòn Nouvèl la bay tout nasyon yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Anvan lafen an rive, fòk Levanjil la preche nan tout nasyon yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 13:10
10 Referans Kwoze  

“Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.


Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.


Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.


ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a;


Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande: “Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.” Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.


Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an.


nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la.


Premyèman mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond.


Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite