Mak 11:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pandan yo t ap pase lantre granmmaten an, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin. 1998 Haïtienne Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasin. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèk jouk nan rasin. |
Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen, apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a, Li sèlman soufle sou yo, e yo fennen poutanpèt la pote yo ale tankou pay.
Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja? Poukisa lè M te atann a bon rezen yo, li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?
Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen.
E Li te pale a li: “Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!” E disip Li yo te tande l.
Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile.
Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile.
Moun sa yo se resif yo k ap kashe nan fèt lamou sen nou yo, lè yo vin fète avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van a, bwa sezon fwèt la san fwi, de fwa mò, dechouke menm;