Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 11:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te bay komisyon a de nan disip Li yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Yo te vanse rive Jerizalèm, bò bouk Bètfaje ak Betani. Yo te rive mòn Olivye. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Lè Jezi ak disip li yo te prèske rive Jerizalèm, toupre Bètfaje ak Betani, sou Mòn Olivye a, li voye de nan yo.

Gade chapit la



Mak 11:1
14 Referans Kwoze  

Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale.


Nan jou sa a, pye Li va poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid.


Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.


Pandan Li t ap chita sou Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”


Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.


Li te di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Pandan n ap antre, nou ap twouve yon ti bourik mare, ki poko menm monte. Demare li e mennen l isit la.


Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive.


Li te voye de nan disip Li yo. Li te di yo: “Antre nan vil la, e yon mesye k ap pote yon krich dlo ap rankontre nou. Swiv li.


Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo.


Men Jésus te ale nan Mòn Oliv la.


Alò, yo te retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba.