Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 13:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Jezi te chita sou mòn Olivye, vizavi Tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te poukont yo ak li. Yo poze li keksyon sa a:

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 13:3
13 Referans Kwoze  

Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”


Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”


Sis jou pita, Jésus te pran Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo.


Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo,


Pandan Li t ap chita sou Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”


Jacques, Jean, avèk de fis Zébédée yo te vin kote L. Yo te di L: “Mèt, nou vle ke Ou fè pou nou nenpòt sa ke nou mande Ou”.


“Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e kisa k ap yon sign pou lè tout bagay sa yo va akonpli.”


Li te pran avè L Pierre, Jacques, ak Jean, e Li te kòmanse trè enkyete, e twouble.


Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.


Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques.


Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite