Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li.
Mak 10:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te di L: “Bannou dwa pou nou kapab chita nan glwa Ou, youn sou bò dwat Ou, e youn sou bò gòch Ou nan glwa Ou.” 1998 Haïtienne Yo di li: — Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè w'a nan tout bèl pouvwa ou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mesye yo di: “Pèmèt nou ka jwi nan gwo lonè ou ap genyen lè ou wa a. Pèmèt nou pou youn chita sou bò dwat ou epi lòt la sou bò goch ou.” |
Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li.
SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”
Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo. Sou men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a.
Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.
“Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a.
Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye.
“Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”
pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.