Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 10:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Yo te menm pi etone. Yo te di l: “Ebyen, kilès ki kab sove?”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt: — Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Disip yo te pi sezi ankò, alò youn t ap di lòt: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”

Gade chapit la



Mak 10:26
9 Referans Kwoze  

L ap pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”


Tou ap gade yo Jésus te di: “Avèk moun, sa pa posib, men li pa konsa avèk Bondye. Paske tout bagay posib avèk Bondye.”


Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi.


Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.


Konsa, yon moun te di Li: “Senyè, èske se sèlman kèk moun k ap sove?” Li te reponn yo:


Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”


Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.”


Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò.