“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.
Mak 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li. 1998 Haïtienne Li t'ap mache bay mesay sa a: — Moun k'ap vin apre m lan gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase pou m ta bese demare sapat ki nan pye li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men sa Jan t ap di yo: “Moun ki gen pou vin apre m nan pi puisan pase m. Mwen pa bon ase pou m ta demare lasèt sandal li. |
“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.
Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”
Jean te abiye avèk pwal chamo. Yon sentiwon te antoure senti li, epi manje li se te krikèt avèk myèl sovaj.
Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife.
Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”
Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.
Konsa, Paul te di: “Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.”
Li te leve e te bese jis figi li rive atè, e te di: “Gade byen sèvant pa ou se yon sèvant ki pou ta lave pye a sèvant pa li yo.”