Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 1:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Men sa Jan t ap di yo: “Moun ki gen pou vin apre m nan pi puisan pase m. Mwen pa bon ase pou m ta demare lasèt sandal li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Li t'ap mache bay mesay sa a: — Moun k'ap vin apre m lan gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase pou m ta bese demare sapat ki nan pye li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li.

Gade chapit la Kopi




Mak 1:7
11 Referans Kwoze  

Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Men, Jan t ap chache yon fason pou l di non. Li di Jezi konsa: “Se mwen ki ta pou vin jwenn ou pou ou batize m, pouki ou vin jwenn mwen?”


Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl.


Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.”


Jan te reponn moun yo, li di yo: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, men gen yon lòt k ap vini apre m. Li pi fò pase m. Mwen pa bon ase pou m ta menm delase soulye l. Li menm, l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.”


Lè Jan te prèske fini ak travay li te gen pou l akonpli a, li di pèp la: Ki moun nou panse m ye? Se pa mwen ki Mesi a, sila a nou tout ap tann nan. Li menm, l ap vin apre m. Mwen pa menm kalifye pou m ta delase lasèt sandal li.


Konsa, Pòl di yo: “Jan te preche yon batèm ki te di moun pou yo montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Li te di moun yo pou yo mete konfyans yo nan moun k ap vin apre l la, epi moun sa a se Jezi.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite