Matye 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife. Gade chapit la1998 Haïtienne11 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase menm pou m ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil11 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. Gade chapit la |