Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Levitik 7:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“‘Alò, sa se lalwa sakrifis ofrann lapè ki va prezante bay SENYÈ a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l mèsi:

Gade chapit la



Levitik 7:11
12 Referans Kwoze  

Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.


Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la.


“Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo. Se jodi a, mwen fin peye ve mwen yo.


Epi yon mouton soti nan chak bann mouton ak de-san bèt ki soti kote ki awoze an Israël yo——pou yon ofrann sereyal, yon ofrann brile, ak ofrann lapè yo, pou fè ekspiyasyon pou yo”, deklare Senyè BONDYE a.


Li va manje nan menm jou ke nou ofri li a, ak jou apre a. Si gen ki rete jis nan twazyèm jou a, li va vin brile avèk dife.


“Lè nou ofri yon sakrifis pou remèsiman bay SENYÈ a, nou va fè sakrifis la yon jan pou l aksepte.


Tout ofrann sereyal, mele avèk lwil oswa sèch, va vin apatyen a tout fis Aaron yo, tout menm jan an.


“Pale avèk fis Israël yo, e di: ‘Sila ki ofri sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a, va pote ofrann li an bay SENYÈ a soti nan sakrifis ofrann lapè li a.


Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo; ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a bèt gra nou yo.


epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan.