Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Si yon moun ap fè ofrann sa a pou di Bondye mèsi, l'a ofri ba li gato san ledven, ti pen plat san ledven epi pat farin fri nan grès.

Gade chapit la Kopi




Levitik 7:12
25 Referans Kwoze  

epi yon panye gato san ledven fèt avèk farin fen, mele avèk lwil, ofrann sereyal, ak galèt san ledven kouvri avèk lwil, ansanm avèk ofrann pa yo, ak ofrann bwason pa yo.


“‘Alò, lè nou pote yon ofrann sereyal kwit nan yon fou, li va fèt avèk gato san ledven avèk farin fen melanje avèk lwil oubyen galèt san ledven ki kouvri avèk lwil.


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.


Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,


Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.


Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?”


Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.


Pran avèk ou menm pawòl yo, pou retounen kote SENYÈ a. Di Li: “Retire tout inikite nou yo, e resevwa nou ak gras Ou, pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.


A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman, e va rele sou non SENYÈ a.


Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.


Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M, epi a sila ki fè chemen li dwat la, Mwen va montre li sali Bondye a.”


Nan jou sa a, yo te ofri gran sakrifis e te rejwi paske Bondye te bay yo gwo lajwa. Fanm yo ak timoun yo tou te rejwi, jiskaske lajwa Jérusalem nan te tande byen lwen.


Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la.


Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.


“Lè nou ofri yon sakrifis pou remèsiman bay SENYÈ a, nou va fè sakrifis la yon jan pou l aksepte.


Alò, pou chè a sakrifis ofrann lapè li yo, li va manje nan jou li ofri a. Li p ap kite anyen nan li rete pou maten.


Sa ki rete nan li a, Aaron avèk fis li yo dwe manje. Li va manje tankou gato san ledven nan yon plas ki sen. Yo dwe manje li nan galeri tant asanble a.


Si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt nan pwalon, li va fèt avèk farin fen, san ledven, melanje avèk lwil.


Ofri yon ofrann remèsiman, sitou sa ki gen ledven ladan, epi pwoklame ofrann bòn volonte yo. Fè l parèt wo pou moun wè! Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm, fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite