Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.
Lamantasyon 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te mennen mwen, e te fè m mache nan tenèb, pa nan limyè. 1998 Haïtienne Li trennen m, li fè m mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m. |
Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.
Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m; lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
Akoz sa, lajistis rete lwen nou, e ladwati pa fin rive sou nou. Nou espere jwenn limyè pou klere nou, men nou mache nan fènwa.
Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.
Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè.
Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an ak yon nwaj nan kòlè li! Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la. Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.
Nou va tatonnen gwo midi, tankou yon avèg tatonnen nan tenèb, epi nou pa p pwospere nan zafè nou yo. Men nou va tout tan oprime e kontinyèlman viktim vòl, san genyen pèsòn pou bannou sekou.
volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite lenpirite yo; zetwal erann pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.
Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandonnen pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman a nan gran jou a.