Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an ak yon nwaj nan kòlè li! Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la. Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Bondye sèl Mèt la ankòlè, li voye fènwè kouvri lavil Jerizalèm. Tout sa ki te fè respè pèp Izrayèl la, li kraze yo anba pye li. Jou li fè kòlè a, ata tanp kote li poze pye li a, li pa chonje li.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 2:1
28 Referans Kwoze  

“Bèlte ou, O Israël, detwi sou wo plas ou yo! O kijan glwa ou yo te tonbe sou wo plas yo!


Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li.


Annou antre nan abitasyon Li a. Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.


Ou te fè jou a jenès li yo vin kout. Ou te kouvri li ak gwo wont.


Leve wo SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan machpye twòn Li an. Se sen ke Li ye.


Bèl kay sen nou an, kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo, te brile ak dife; epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.


Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, yo pa chache ou; paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, ak pinisyon a yon moun ki mechan, akoz inikite ou gran e peche ou anpil.


A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!


Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a? Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an, doulè ki te pase vin nan men m nan, avèk sila SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.


SENYÈ a te acheve objektif Li; Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li te kòmande soti nan jou ansyen yo. Li te jete ba, Li pat fè pitye. Li te fè lènmi an rejwi sou ou. Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.


A la briyans lò a vin bese! Lò pi a pa menm ankò! Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.


SENYÈ a te acheve gwo kòlè Li a. Li te vide gwo kòlè Li a. Li te limen yon dife nan Sion, ki te manje tout fondasyon Li yo.


“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè yon van vyolan vin pete nan kòlè Mwen. Anplis, va genyen nan mekontantman Mwen, yon inondasyon lapli ak lagrèl pou konsonmen li nèt ak gwo laraj.


Men li te vin rache ak kòlè. Li te jete atè nèt, epi van nan lès te seche fwi li yo. Gwo branch dyanm li yo te vin rache. Yo te fennen. Dife te manje yo nèt.


‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe.


Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa, lè M kraze jouk an fè Égypte la. Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li. Yon nwaj va kouvri li, e fi li yo va antre an kaptivite.


Yon jou fènwa ak pèdi espwa, yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès. Tankou solèy k ap leve sou mòn yo; konsa gen yon gwo pèp pwisan. Pa t janm gen yon bagay konsa, ni p ap janm gen anyen ankò, jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.


Epi nou menm, Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a.


“Epi nou menm, Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo.


Li te di yo: “Mwen t ap gade Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj.


Konsa, li te rele gason an I-Kabod, e te di: “Laglwa Israël pati!” akoz lach Bondye a te pran an kaptivite e akoz bòpè li avèk mari li.


Li te di: “Laglwa gen tan pati soti an Israël; paske lach Bondye a te pran an kaptivite.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite