Lamantasyon 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te kase dan m ak gravye. Li fè m kache nan pousyè. 1998 Haïtienne Li fwote tout figi m atè, li fè m kase dan m nan wòch. |
Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.
O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.
Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann.
“Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon kolèv?