Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Lamantasyon 3:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Mwen se moun ki te wè afliksyon akoz baton kòlè Li a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo.

Gade chapit la



Lamantasyon 3:1
12 Referans Kwoze  

“Gen pitye pou mwen, gen pitye, O nou menm ki zanmi mwen yo, paske men Bondye vin frape mwen.


Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen vin fennen tankou zèb.


Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm, va fè m viv. Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.


Kòlè Ou vin poze sou mwen. Ou te aflije m ak tout vag lanmè Ou yo. Tan


Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè.


Epi yo te pran Jérémie e te jete li nan sitèn Malkija, fis a wa a, ki te nan lakou kay gad la. Yo te fè Jérémie desann ladann ak kòd yo. Alò, nan sitèn nan, pa t gen dlo, men sèlman labou, e Jérémie te fonse antre nan labou a.


mesye yo, fanm yo, timoun yo, fi a wa yo, e chak moun ke Nebuzaradan, chèf a kò gad la te kite avèk Guedalia, fis a Achikam nan ak granpapa a Schaphan, ansanm ak Jérémie, pwofèt la e Baruc, fis a Nérija a.


Akoz fi a pèp mwen an brize, mwen menm brize tou; mwen fè dèy konsi pou yon mò. Mwen kraze ba nèt.