Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 8:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Akoz fi a pèp mwen an brize, mwen menm brize tou; mwen fè dèy konsi pou yon mò. Mwen kraze ba nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Kè m ap fann lè m wè jan y'ap kraze pèp mwen an. M pa wè sa pou m fè ankò! M dekouraje nèt.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 8:21
14 Referans Kwoze  

“Ou va di yo pawòl sa a: ‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen e pa kite dlo yo sispann; Paske fi vyèj a pèp mwen an te kraze ak yon gran brèch, ak yon blesi byen grav.


Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e figi yo vin blèm!


Devan yo, pèp yo vin nan gwo soufrans. Tout figi yo vin pal.


O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!


Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a.


Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li.


Men pou mwen menm, mwen pa t kouri pou m ta sispann fè bèje pou Ou, ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a. Ou konnen! Tout pawòl lèv mwen yo te nan prezans Ou.


Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”


“Rekòlt la fin pase. Gran sezon an fini, e nou poko sove.”


Juda kriye ak doulè e pòtay li yo vin abandone. Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.


Mwen se moun ki te wè afliksyon akoz baton kòlè Li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite