Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jonas 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, SENYÈ Bondye a te chwazi yon plant lyann. Lyann nan te monte grandi sou Jonas pou l ta sèvi kon abri sou tèt li, pou delivre l de mekontantman li an. Epi lyann nan te fè Jonas byen kontan.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè sa a, Senyè a, Bondye a, fè yon ti pye masketi pouse. Li fè l rive yon ti wotè pi wo pase Jonas pou mete yon ti lonbray sou tèt li, pou li ka santi l pi alèz. Jonas te kontan anpil lè li wè pye masketi a.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

SENYÈ Bondye fè yon pye maskriti pouse. Pye bwa sa a te grandi byen vit. Sa te fè Jonas kontan anpil, paske l te bare solèy pou li.

Gade chapit la



Jonas 4:6
11 Referans Kwoze  

Alò, Haman te sòti nan jou sa a byen kontan avèk rejwisans nan kè l, men lè li te wè Mardochée nan pòtal palè a wa a, e te wè li pa t leve, ni tranble devan l, konsa, Haman te ranpli avèk laraj kont Mardochée.


Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj, tankou jounalye k ap tann kòb li,


Depi ou mete zye ou sou li, l ale. Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg k ap vole vè syèl yo.


Ézéchias te kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo.


Nou menm k ap rejwi nan yon bagay ki pa anyen, epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj nou nou rive pran kòn nan pou nou?’


Epi SENYÈ a te chwazi yon gwo pwason pou vale Jonas, e Jonas te nan vant pwason a pandan twa jou ak twa nwit.


Epi Jonas te sòti nan vil la e te chita sou kote lès la. La, li te fè yon tonèl pou li menm, e li te chita anba l nan lonbraj jis pou l ta wè sa ki ta rive nan vil la.


Men Bondye te chwazi yon cheni nan granmmaten nan pwochen jou a. Li te atake lyann nan e li te vin fennen.


“Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”


epi sila ki kriye yo, tankou yo pa t kriye; sila ki rejwi yo, tankou yo pa t rejwi, e sila ki achte yo, tankou yo pa t posede anyen;