Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 23:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Depi ou mete zye ou sou li, l ale. Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg k ap vole vè syèl yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Paske, anvan ou bat je ou, li gentan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, l ale.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 23:5
17 Referans Kwoze  

paske richès pa la pou tout tan, ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.


Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògey lavi la pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.


Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.


“Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè.


“Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”


Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin fè m pèdi pitit mwen yo! Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e nou ta vle pran Benjamin. Tout bagay sa yo kont mwen.”


“Men zye ou ak kè ou rete sèlman sou richès ki ranmase nan zak malonèt, nan vèse san inosan, nan opresyon ak vyolans.”


“Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.”


Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj. Anverite, yo fè gwo zen pou ryen. Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.


Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen, ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè? Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon e pran plezi nou an abondans.


Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò; li ouvri zye li, men li pa la.


“Pran l e okipe l, pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite