Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 9:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv; paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se poutèt sa, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: — Mwen pral pase yo nan dife pou m netwaye yo tankou yo fè l pou lò. Mwen pral sonde yo. Pèp mwen an fè twòp mechanste. Pou jan yo fè mechanste, se sa m bliye m p'ap fè yo.

Gade chapit la



Jeremi 9:7
22 Referans Kwoze  

Alò, Absalom te di: “Si se pa sa, souple kite frè m nan, Amnon, ale avèk nou.” Epi wa a te di li: “Poukisa li dwe ale avèk ou?”


SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, te voye kote yo tout tan pa mesaje pa Li yo, akoz li te gen mizerikòd vè pèp li a ak sou kote ke Li te abite a;


Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.


Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen. Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.


Nanm mwen tann an silans sèlman Bondye. Paske espwa mwen se nan Li.


Mwen va vire men m kont nou e Mwen va fonn kim nou an tankou se ak likid lesiv, pou l pa gen metal ki rete.


Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan; Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a.


Paske men nou souye ak san vèse, e dwèt nou ak inikite. Lèv nou fin pale sa ki fo, e lang nou plenyen mechanste.


Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.


“Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen nòte. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem.


“Mwen te fè ou eseyis la pou sonde metal pami pèp Mwen an, pou ou ka sonde e konnen chemen yo.


Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo, paske SENYÈ a gen yon pwose kont pèp peyi a: Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


Li va chita tankou yon bòs metal k ap pirifye ajan. Li va pirifye fis a Levi yo, e rafine yo tankou lò ak ajan, pou yo ka ofri bay SENYÈ a ofrann ladwati.


pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.


Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou.