Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 6:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Sila ki bèl e delika a, fi a Sion an, Mwen va koupe retire l nèt.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Ou menm lavil Jerizalèm, atout ou bèl la, atout tout moun renmen ou lan, yo pral detwi ou.

Gade chapit la



Jeremi 6:2
7 Referans Kwoze  

Fi Sion an vin tankou yon ti tonèl nan yon chan rezen, tankou abri a yon gadyen nan yon chan konkonb, tankou yon vil ki anba syèj.


Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pedi kouraj nèt devan asasen yo.”


Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an ak yon nwaj nan kòlè li! Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la. Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.


Kisa pou m ta di ou? A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan? A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen ap mennen rekonfò bay ou a, O fi vyèj a Sion an? Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè. Se kilès ki ka geri ou?


Sila ki te konn manje ti manje delika yo, vin abandone nan lari. Sila ki te leve nan abiman an mov yo ap degaje yo chèche kaka bèf.


“Fanm pami nou ki byen rafine e ki janti a, ki pa t ap eseye menm mete pye li atè tèlman li rafine e janti, li va vin sovaj anvè mari li ke li renmen anpil la, anvè fis li avèk fi li,