Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 4:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pedi kouraj nèt devan asasen yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: — Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 4:31
35 Referans Kwoze  

Sion lonje men l ouvri nèt. Nanpwen ki pou konsole l. SENYÈ a te bay lòd konsènan Jacob, ke sila ki antoure l yo ta lènmi avè l. Jérusalem te devni yon bagay pa pwòp pami yo.


Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.


Kisa ou va di lè Li chwazi yo chèf sou nou— konsi, se nou menm ki te enstwi yo— ansyen zanmi nou yo vin chèf sou nou? Èske gwo doulè p ap sezi ou tankou yon fanm nan akouchman?


Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.


Paske si m preche levanjil la, mwen pa gen anyen pou m ta vante tèt mwen, pwiske mwen anba obligasyon; paske malè a mwen menm si mwen pa preche levanjil la.


“Pale a fi Sion an, Men gade, Wa ou ap vin kote ou, dou, e monte sou yon bourik, yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.


Malè a mwen menm! Anverite, mwen tankou moun k ap ranmase fwi gran sezon, k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven. Pa gen grap rezen pou manje, ni yon grenn premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute.


Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li; se pa yon fis ki saj, k ap rete nan vant ki ouvri e k ap tann li soti a.


Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.


Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Lespri m twouble anpil; kè m boulvèse anndan m, paske mwen te fè rebèl anpil. Nan lari, se nepe k ap touye; nan kay, se tankou lanmò.


Wa Babylone nan te tande rapò de yo, e men li pann san fòs. Gwo dekourajman sezi li; gwo doulè tankou yon fanm k ap pouse pitit.


Damas vin enpwisan nèt; li te vire sove ale, e gwo laperèz fin sezi li. Gwo doulè ak sezisman pran l tankou yon fanm k ap akouche.


Gade byen, Li va monte, desann kon yon èg e lonje zèl li kont Botsra. Kè a moun pwisan yo va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.


Kerijoth te fin kaptire e sitadèl yo te vin pran. Kè a mesye pwisan Moab yo nan jou sa a, va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.


Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la a ou menm, O Baruc:


Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit. Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo, konsi se fanm k ap fè pitit? Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?


Nou menm k ap viv Liban, ki fè nich ak bwa sèd yo, nou va plenyen nan gòj lè gran doulè a rive sou ou; doulè tankou yon fanm k ap akouche a!


Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.


Poukisa, doulè mwen an rete tout tan, eblese mwen an reste san gerizon? Èske Ou menm, anverite, va devni pou mwen kon yon sous twonpe, ak dlo sou sila yo pa ka depann?


Si mwen ale andeyò peyi a, gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo! Oswa si mwen antre nan vil la, gade byen, maladi ak gwo grangou! Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”


Malè a mwen, akoz blesi m nan! Blesi m nan byen grav. Men mwen te di: “Anverite, sa se gwo doulè m; fòk mwen pote l.”


Sila ki bèl e delika a, fi a Sion an, Mwen va koupe retire l nèt.


Mwen te rete an silans depi lontan sa. Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen. Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen. Mwen va rale gwo souf e respire fò.


Pou rezon sa a, kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè.


Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife.


Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”


Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!


“Mwen rayi pwòp lavi m; mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt. Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.


Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo. Si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?”


Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche; li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan; se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.


Alò, poukisa ou rele anmwey konsa? Èske pa gen wa pami nou? Èske konseye nou an fin peri? Kite gwo doulè a sezi nou kon yon fanm k ap pouse fè pitit?


Se pou ou vin an doulè, doulè pou pouse fè pitit fi a Sion an, kon yon fanm ki ansent; paske koulye a, ou va sòti nan vil la pou rete nan chan, e ou va ale menm nan Babylone. La, ou va delivre. La, SENYÈ a va rachte ou, soti nan men ènmi ou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite