Nan yon tan twa jou, Farawon va leve tèt ou e reprann ou nan pozisyon ou. Ou va mete tas Farawon an nan men li menm jan ou te konn fè lè ou te nan sèvis responsab pote diven nan.
Jeremi 52:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane egzil Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, sou venn-senkyèm jou a mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan premye ane règn li a, te montre favè li a Jojakin, wa Juda a, e te lage li nan prizon. 1998 Haïtienne Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakim, wa peyi Jida a, li fè l sòti nan prizon. Lè sa a, Jojakim te gen trannsizan onz mwa, vennsenk jou, jou pou jou, depi yo te depòte l. |
Nan yon tan twa jou, Farawon va leve tèt ou e reprann ou nan pozisyon ou. Ou va mete tas Farawon an nan men li menm jan ou te konn fè lè ou te nan sèvis responsab pote diven nan.
Alò, li te vin rive nan twazyèm jou, ki te fèt nesans a Farawon an, ke li te fè yon fèt pou tout sèvitè yo. Epi li te leve tèt a chèf responsab pote manje a ak chèf bòs boulanje a pami sèvitè li yo.
Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo sou lènmi m ki antoure m yo. Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa. Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.
Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
Alò, Sédécias, fis a Josias ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè wa nan peyi Juda a, te renye kon wa nan plas a Jeconia, fis a Jojakim nan.