Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 40:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Nan yon tan twa jou, Farawon va leve tèt ou e reprann ou nan pozisyon ou. Ou va mete tas Farawon an nan men li menm jan ou te konn fè lè ou te nan sèvis responsab pote diven nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Nan twa jou, farawon an pral chonje ou, li pral mete ou nan pozisyon ou ankò. Ou pral bay farawon an diven jan ou te konn fè l anvan lè ou te chèf kanbiz li a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 40:13
8 Referans Kwoze  

Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke chèf ki te responsab pran avan gou diven nan pou wa a, ansanm ak bòs boulanje a wa a te fè yon ofans kont mèt yo, Wa a Égypte la.


Joseph te di l: “Men, sa se entèpretasyon sa a: twa branch sa yo se twa jou.


Sèlman, sonje mwen lè li ale byen avèk ou, e souple, fè m gras e nonmen non mwen a Farawon pou fè m soti nan kay sa a.


Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit. Konsa, Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”


Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane an egzil a Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, nan venn-setyèm jou nan mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan lane ke li te vin wa a, li te lage Jojakin, wa Juda a, soti nan prizon.


Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.


Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane egzil Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, sou venn-senkyèm jou a mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan premye ane règn li a, te montre favè li a Jojakin, wa Juda a, e te lage li nan prizon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite