Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte.
Jeremi 52:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila yo se moun ke Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif; 1998 Haïtienne Men kantite moun wa Nebikadneza te depòte: Nan setyèm lanne reny li a, li depòte twamil venntwa (3.023) moun peyi Jida. |
Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte.
Alò, sila yo se moun pwovens ki te vin sòti an kaptivite kon moun egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale Babylone e te gen tan retounen Jérusalem avèk Juda, yo chak nan pwòp vil pa yo.
Sila yo se pèp pwovens ki te monte soti an kaptivite nan egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale yo, e ki te retounen Jérusalem avèk Juda, chak moun nan lavil pa li;
Vil negev yo te fèmen ak kle, e nanpwen moun ki pou louvri yo. Tout Juda fin antre an egzil, antre an egzil nèt.
Advèsè li yo te vin mèt li. Lènmi li yo ap byen reyisi; paske SENYÈ a te koze doulè l, akoz gwo kantite transgresyon li yo. Pitit li yo se prizonye devan advèsè yo.
“Di yo: ‘Mwen se yon sign pou nou. Jan mwen te fè, se konsa l ap vin rive nou. Konsa, yo va ale an egzil, an kaptivite.