Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 36:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Li pran tout moun ki pat mouri yo, li depòte yo lavil Babilòn kote yo sèvi l, li menm ansanm ak pitit li yo, tankou esklav, jouk gouvènman an pase nan men wa peyi Pès la.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 36:20
13 Referans Kwoze  

Tout nasyon yo va sèvi li e fis li ak gran fis li jis rive nan lè pwòp peyi li vini. Nan moman sa a, anpil nasyon ak anpil wa va fè li vin sèvitè yo.”’”


Alò, nan premye ane Cyrus la, Perse la—-pou l te kab akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch Jérémie——SENYÈ a te boulvèse lespri a Cyrus, wa Perse la, pou li ta voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an e anplis, ekri li pou di:


Epi tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nébuzaraden, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil.


Alò, sila yo se moun pwovens ki te vin sòti an kaptivite kon moun egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale Babylone e te gen tan retounen Jérusalem avèk Juda, yo chak nan pwòp vil pa yo.


Sila yo se moun ke Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif;


Perse Ethiopie e Put avèk yo, yo tout ak boukliye ak kas;


Men akoz papa pa nou yo te pwovoke Bondye syèl la a lakòlè, Li te livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Kaldeyen ki te detwi tanp sila a, e te mennen fè sòti tout pèp la jis rive Babylone.


Mwen te fache ak pèp Mwen an; Mwen te pwofane eritaj Mwen an, e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. Ou pa t montre yo gras, men menm ak granmoun nan vyeyès yo, ou te fè jouk ou byen lou.


Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan swasann-dis ane.”


Epi koulye a, li vin plante nan dezè a, nan yon peyi ki sèch e ki swaf.


Se pou ou vin an doulè, doulè pou pouse fè pitit fi a Sion an, kon yon fanm ki ansent; paske koulye a, ou va sòti nan vil la pou rete nan chan, e ou va ale menm nan Babylone. La, ou va delivre. La, SENYÈ a va rachte ou, soti nan men ènmi ou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite