Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 52:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 nan diz-uityèm ane Nebucadnetsar a, ui-san-trant-de moun ki sòti Jérusalem;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Nan dizuityèm lanne reny li a, li depòte witsantrannde (832) moun lavil Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 52:29
9 Referans Kwoze  

Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, e yo te pati pou peyi Canaan an. Konsa yo te rive Canaan.


Epi tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nébuzaraden, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil.


Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte.


Tout moun ki te sòti nan zantray Jacob yo te swasann-dis moun, men Joseph te deja an Égypte.


Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, nan dizyèm ane Sédécias, wa Juda a, ki te nan dizuityèm ane a Nebucadnetsar.


Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone.


Alò, nan dizyèm jou nan senkyèm mwa a, ki te diz-nevyèm ane a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, chèf an tèt kò gad la, ki te nan sèvis wa a Babylone nan, te rive Jérusalem.


Sila yo se moun ke Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif;


nan venn-twazyèm ane a Nebucadnetsar a, Nebuzaradan, chèf kò gad yo te pote an egzil sèt-san-karant-senk Jwif. Nom de moun antou te kat-mil moun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite