Jeremi 51:55 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske SENYÈ a va detwi Babylone. Li va fè gran vwa a li te konn fè a sispann; vag lanmè yo ki tap gwonde kon anpil dlo, ak gwo son a vwa yo ki tap retanti toupatou. 1998 Haïtienne Se mwen menm Senyè a k'ap detwi lavil Babilòn. Mwen fè l pe bouch li. Menm si lavil Babilòn t'ap fè bri tankou lanmè lè li move, m'ap fè l sispann rele. |
Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt. Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.
Mwen desann fon nan labou. Nanpwen plas pou pye m kenbe. Mwen fin rive nan dlo fon yo, e yon gwo inondasyon ap debòde sou mwen.
Pwofesi konsènan Moab la. Anverite nan yon sèl nwit, Ar-Moab fin devaste e detwi nèt. Nan yon sè nwit, Kir-Moab fin devaste e detwi nèt.
Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt.
Chita an silans e antre nan fènwa a, O fi a Kaldeyen yo, paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.
Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan.
akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen vin kont ou, O Tyr, e Mwen va mennen fè monte anpil nasyon kont ou, tankou lanmè mennen lanm li.
Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.
“Ankò, li te di mwen: “Dlo ke ou te wè, kote pwostitiye a chita a, se pèp yo, foul yo, nasyon yo, ak lang yo.