Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 25:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 M'ap fè yo p'ap tande moun ap pran plezi yo la. Yo p'ap tande vwa moun ki gen kè kontan. Yo p'ap tande y'ap fete moun marye. M'ap fè p'ap gen grenn pou moulen, p'ap gen gaz pou lanp.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:10
14 Referans Kwoze  

Nan moman sa a, Mwen va fè sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kè kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske peyi a va devaste nèt.”


Konsa, Mwen va fè son a chante ou yo vin sispann, e son ap ou yo p ap tande ankò.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va elimine nèt nan plas sa, vwa rejwisans ak vwa kè kontan, vwa a jèn gason fenk marye ak vwa a jèn fi marye, devan zye nou e nan pwòp tan pa nou.


Anplis, Mwen va mete fen a tout kè kontan l; fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba a, ak tout Gwo rasanbleman fèt li yo.


Nan lèt sa yo, wa a te bay dwa a Jwif yo nan chak vil, pou rasanble e fè defans lavi yo, pou detwi, pou touye e pou anile tout lame a nenpòt pèp oswa pwovens ki ta vin atake yo, menm ansanm avèk pitit yo ak fanm yo, e piyaje byen yo,


Paske nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”


Lèt yo te voye pa mesaje wa yo nan tout pwovens a wa yo pou detwi, pou touye e anile tout Jwif yo, ni jèn, ni granmoun, fanm avèk timoun, nan yon sèl jou, nan trèzyèm jou a douzyèm mwa a, ki se mwa Adar a, e pou sezi tout byen pa yo kon piyaj.


Pran yon wòch moulen pou moulen farin. Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo. Travèse rivyè yo.


Konsa, lajwa ak kè kontan vin retire nan chan plen ak fwi a, menm nan Moab. Epi Mwen te fè diven vin sispann nan pèz diven yo. Pèsòn p ap foule yo ak gwo kri. Kri ki genyen, se ke pa gen kriye menm.


Jwa nan kè nou vin sispann; danse vin ranplase pa fè dèy.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite