Ke awogan yo kapab vin desi, paske yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti. Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.
Jeremi 50:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li; epi Mwen va mete dife nan vil li yo e li va devore tout andwa l yo.” 1998 Haïtienne Peyi moun awogan sa yo pral tonbe. Pèsonn p'ap ka fè l kanpe ankò. M'ap mete dife nan tout lavil yo. Tout bagay alawonn pral boule. |
Ke awogan yo kapab vin desi, paske yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti. Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.
Mwen va pini nou selon rezilta zak nou yo, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va limen yon dife nan forè li ki va devore tout ozanviwon li.’”
Yo p ap pran nan men ou, menm yon wòch pou fè kwen, ni yon wòch pou fondasyon yo, men ou va dezole jis pou tout tan,” deklare SENYÈ a.
Ou va di: ‘Se konsa Babylone va fonse desann pou l pa leve ankò, akoz malè ke Mwen va mennen sou li; epi yo va vin bouke nèt.’” Jiska prezan, sa se pawòl a Jérémie yo.
Men lè kè l te vin egzalte wo, lespri li te vin tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l.
Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray Rabba a. Li va devore sitadèl li yo nèt, nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la, nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.
Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab e li va devore sitadèl Kérijoth yo. Moab va mouri nan mitan gwo zen, kri lagè ak son a twonpèt.
Li fin tonbe, li p ap leve ankò— Vyèj Israël la. Li kouche byen neglije sou tèren li; nanpwen moun ki pou leve l.
Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo.
Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.