Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 51:64 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

64 Ou va di: ‘Se konsa Babylone va fonse desann pou l pa leve ankò, akoz malè ke Mwen va mennen sou li; epi yo va vin bouke nèt.’” Jiska prezan, sa se pawòl a Jérémie yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

64 Apre sa, w'a di: Se konsa lavil Babilòn lan pral koule, li p'ap janm ka leve ankò apre malè mwen menm Senyè a, mwen pral voye sou li a. Se isit la pawòl pwofèt Jeremi yo fini.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:64
16 Referans Kwoze  

kite pikan yo grandi olye ble e zèb santi fò ranplase lòj la.” Pawòl yo a Job se fini.


Priyè yo a David, fis la a Jesse fini.


Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li.


Ou vin fatige ak tout konsèyè yo. Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo, k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo, vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.


“Pran senti ke ou te achte a, ki antoure senti ou a, leve ale nan Rivyè Euphrate la, e kache li la nan yon twou wòch.”


“Nan moman sa a, ou gen pou kraze kanari a devan zye a tout moun ki akonpanye ou.


“Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz nepe ke Mwen va voye pami nou an.”’


Lanmè fin monte sou Babylone; li te anvayi pa move vag li yo.


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Miray Babylone nan ki tèlman laj va vin demoli nèt. Wo pòtay li yo va pran dife. Donk, pèp yo va travay di pou ryen, e nasyon yo va bouke nèt akoz dife a.”


Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib. Yo refize pale verite. Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti; yo vin fatige nèt nan fè inikite.


Tout moun ki rekonèt ou pami pèp yo vin etone jiskaske yo vin sezi de ou. Ou te vin yon gwo etonman laperèz, e ou va sispann egziste jis pou tout tan.”’”


Anverite, èske sa pa soti nan SENYÈ dèzame yo pou moun travay di pou dife a, e nasyon yo fatige kò yo pou granmesi?


Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”


Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab.


Answit, yon zanj pwisan te pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: “Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li p ap twouve ankò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite