akoz yo te abandone Mwen e te adore Astarté deyès a Sidonyen yo, Kemosh, dye a Moab la ak Milcom, dye a fis Ammon yo. Epi yo pa t mache nan vwa Mwen yo, pou fè sa ki dwat nan zye M, e swiv règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, jan papa li, David te fè a.
Lakòlè Bondye te brile kont Amatsia, e Li te voye pwofèt Li ki te di l: “Poukisa ou te swiv dye a pèp sa a, ki pa t kab delivre pwòp pèp pa yo nan men ou?”
“Rasanble nou e vini. Rapwoche nou ansanm, nou menm, refijye a nasyon yo. Lòt yo pa gen konesans; sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou, e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.
Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va voye kote li sila ki chavire bato yo e yo va chavire li, yo va vide veso li yo e kraze tout bokal li yo.
“A la kraze li kraze! Yo te rele anmwey. Gade kijan Moab te vire do li—li vin wont nèt! Konsa, Moab va vin yon rizib ak yon objè degoutan a tout moun ki antoure li yo.”
Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou ak trezò pa nou; menm nou menm va vin kaptire. Kemosch va antre an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.