Jeremi 48:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va voye kote li sila ki chavire bato yo e yo va chavire li, yo va vide veso li yo e kraze tout bokal li yo. Gade chapit la1998 Haïtienne12 Men lè a rive kounyeya, se Senyè a menm ki di sa. Mwen pral voye moun pou yo vide peyi Mowab la tankou diven. Yo pral devide veso yo. Yo pral kraze barik yo an miyèt moso. Gade chapit la |
gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.