Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’
Jeremi 46:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Égypte leve tankou rivyè Nil la, menm tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo. Li te di: “Mwen va leve kouvri peyi sa a; anverite, Mwen va detwi vil la ak moun ki rete ladann yo.” 1998 Haïtienne Se peyi Lejip k'ap gonfle kò l konsa, tankou dlo larivyè Nil, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou. Lejip te di: M'ap gonfle, m'ap kouvri tout latè. M'ap kraze tout lavil yo ansanm ak tout moun ki rete ladan yo. |
Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’
‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”
Fis li yo va rasanble yon gwo lame ki va vin debòde e travèse. Konsa, yo va retounen fè lagè rive jis nan pwòp sitadèl li a.
Akoz sa, èske peyi a p ap pran tranble, e tout moun ki rete ladann p ap fè lamantasyon? Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil la. Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la.