Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 46:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Se kilès sa ki leve tankou rivyè Nil la, tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Kilès sa a k'ap vini tankou dlo nan larivyè Nil k'ap desann, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou?

Gade chapit la Kopi




Jeremi 46:7
11 Referans Kwoze  

Se kisa k ap monte kite dezè a tankou pilye lafimen yo, byen pafime ak fèy bazilik ak lansan, plen ak poud santi bon machann yo?


Se ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a, k ap apiye sou cheri li a?” Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve; se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.


Se kilès sa ki sòti Edom an, avèk vètman Botsra byen kolore a? Kilès sila a, ak abiman majeste Li, k ap mache nan grandè ak fòs li a? “Se Mwen menm ki pale nan ladwati, ki pwisan pou delivre a.”


Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, dlo yo ap leve soti nan nò e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l, menm vil a sila ki rete ladann. Mesye yo va kriye fò, e tout moun ladann va rele anmwey.


‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”


Fis li yo va rasanble yon gwo lame ki va vin debòde e travèse. Konsa, yo va retounen fè lagè rive jis nan pwòp sitadèl li a.


Lame debòde peyi a va soti devan l, e vin kraze nèt, ansanm ak prens akò a.


Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine.


Akoz sa, èske peyi a p ap pran tranble, e tout moun ki rete ladann p ap fè lamantasyon? Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil la. Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la.


Konsa, sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite