Lè li te wè ke plas repo sa a te dous, e tè a te fè l plezi, li te double zepòl li pou pote chaj yo, e li te devni yon esklav pou kòve.
Jeremi 40:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, te sèmante a yo menm e a mesye pa yo. Li te di: “Pa pe sèvi Kaldeyen yo. Rete nan peyi a pou sèvi wa Babylone nan, pou sa ale byen pou nou. 1998 Haïtienne Gedalya di yo konsa: — Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt nou devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sèvi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou. |
Lè li te wè ke plas repo sa a te dous, e tè a te fè l plezi, li te double zepòl li pou pote chaj yo, e li te devni yon esklav pou kòve.
Guedalia te sèmante a yo avèk mesye pa yo a, e te di yo: “Pa pè vin sèvitè a Kaldeyen yo. Viv nan peyi a, sèvi wa Babylone nan e sa va ale byen pou nou.”
Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
Men nasyon a ki bese kou li anba jouk wa Babylone nan e ki sèvi li, Mwen va kite nan peyi li,” deklare SENYÈ a. “Konsa, yo va travay tè a pou viv ladann.”
A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!