Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.” Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a.
Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.
Latè woule de bò tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt pou l pa janm leve ankò.
Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. Mòn yo te tranble e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.
Soti nan Dan te tande gwo souf cheval. Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke; paske yo te vini devore peyi a ak tout ki sa ki ladann, vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.
Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.
Pwason lanmè yo, zwazo syèl yo, bèt nan chan yo, tout bèt sila k ap kouri atè yo ak tout moun sou sifas tè a va souke devan prezans Mwen. Mòn yo tou va jete anba, ti wout apik yo va vin bouche e tout miray va tonbe atè.
Li te kanpe; tè a te sikwe. Li te gade; nasyon yo te etone. Wi, lansyen mòn yo te vin detwi, ansyen kolin yo te vin efondre. Chemen li yo dire jis pou tout tan.