Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 4:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Yon van fò depase sa a——va vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men se yon gwo van m'ap fè sòti laba a. Kounyeya se mwen menm, Senyè a, ki pral ba yo santans yo.

Gade chapit la



Jeremi 4:12
10 Referans Kwoze  

Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.


Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo, akòz yo te abandone Mwen, te ofri sakrifis a lòt dye yo, e te adore pwòp zèv men pa yo.


Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye.


Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt!


Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va fè leve kont Babylone e kont moun k ap viv Chaldée yo, lespri a yon van kap detwi.


akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen, Mwen menm kont ou, e Mwen va egzekite jijman pami nou pou tout lòt nasyon yo ka wè.


Malgre li pote fwi pami frè li yo, yon van nan lès va vini; van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a. Sous dlo li va vin sèch, e fontèn dlo li va seche. Li va piyaje trezò tout bagay ki gen valè.


Tankou van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”