Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 4:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle sòti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 4:11
28 Referans Kwoze  

Malgre li pote fwi pami frè li yo, yon van nan lès va vini; van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a. Sous dlo li va vin sèch, e fontèn dlo li va seche. Li va piyaje trezò tout bagay ki gen valè.


Gade byen, akoz li te plante, èske l ap grandi byen? Èske li p ap fennen nèt toutotan ke van lès ap frape li yo? Li va fennen sou tè a kote li te plante a?”’”


Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk dife ki pa kapab etenn.”


Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”


Akoz sa, yo va tankou nwaj nan maten an ak lawouze k ap disparèt bonè, tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen, e tankou Lafimen soti nan chemine.


Men li te vin rache ak kòlè. Li te jete atè nèt, epi van nan lès te seche fwi li yo. Gwo branch dyanm li yo te vin rache. Yo te fennen. Dife te manje yo nèt.


Paske inikite a fi a pèp mwen an pi gwo ke peche Sodome, ki te boulvèse nan yon moman, san pa t gen men ki boulvèse l.


Menm chen mawon yo konn bay tete; yo kite pitit yo souse yo. Men fi a pèp mwen an te vin mechan kon yon otrich nan dezè.


Zye m koule nèt ak flèv dlo akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.


Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.


Gade byen, tanpèt SENYÈ a deja sòti ak gwo kòlè li. Tankou yon toubiyon k ap vire touwon, li va vire desann sou tèt a mechan an.


“Ou va di yo pawòl sa a: ‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen e pa kite dlo yo sispann; Paske fi vyèj a pèp mwen an te kraze ak yon gran brèch, ak yon blesi byen grav.


Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv; paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?


O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!


Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an soti nan yon peyi byen lwen: “Èske SENYÈ a pa nan Sion? Èske wa li a pa nan li?” “Poukisa yo pwovoke fachez Mwen ak imaj taye yo; ak zidòl etranje yo?”


Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.


Ou va vannen yo; van a va pote yo ale e tanpèt va gaye yo. Men ou va rejwi nan SENYÈ a; ou va fè lwanj Sila Ki Sen an Israël la.


Ou te konfwonte yo ak egzil; ou te pouse yo ale. Ak souf fewòs Li, Li te chase yo ale nan jou van lès la.


Akoz sa, mwen di nou: “Tounen zye nou byen lwen m; kite mwen kriye byen fò, pa eseye rekonfòte m pou destriksyon a fi a pèp mwen an.”


Men a fanm ki te konn plen konpasyon yo te bouyi pwòp pitit yo. Yo te devni manje pou yo, akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.


Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.


Yon van fò depase sa a——va vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo.”


Akoz sa, Mwen va gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a.


Paske, gade byen, Mwen ap leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou sezi kote ki pa pou yo.


Tankou van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”


Van an te vlope li nan zèl li yo; yo va wont akoz sakrifis yo fè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite