Jeremi 39:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Pran l e okipe l, pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.” 1998 Haïtienne — Chache kote Jeremi ye. Pran swen li byen. Pa fè l anyen. Okontrè, tout sa la mande, w'a ba li l. |
Depi ou mete zye ou sou li, l ale. Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg k ap vole vè syèl yo.
SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va bay ou fòs pou sa ki bon. Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè.
“Konsa, Mwen va delivre ou nan men a mechan yo e Mwen va rachte ou soti nan men a vyolan yo.”
Paske Mwen va fikse zye M sou yo pou byen e Mwen va mennen yo ankò nan peyi sa a. Mwen va bati yo, e Mwen p ap rale fè yo desann. Mwen va plante yo e Mwen p ap rache yo.
Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo,
Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.”
Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.
e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.