Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 15:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 “Konsa, Mwen va delivre ou nan men a mechan yo e Mwen va rachte ou soti nan men a vyolan yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 M'ap delivre ou anba men mechan yo, m'ap fè ou sòti anba ponyèt lwijanboje yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 15:21
24 Referans Kwoze  

ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou;


Redanmtè yo a fò. SENYÈ dèzame yo se non Li; Li va plede ka yo ak gwo fòs pou L ka mennen lapè sou tè a, ak gwo twoub sou sila ki rete Babylone yo.


Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi; epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.


Paske moun san pitye yo va rive nan fen yo, e mokè yo va disparèt. Anverite, tout moun ak lentansyon fè mal, va vin koupe retire nèt—


SENYÈ a ede yo e delivre yo. Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo. Li sove yo, akoz se nan Li ke yo kache.


Lè malfektè yo te rive sou mwen pou yo ta devore chè m, advèsè mwen yo ak lènmi m yo te chape tonbe.


zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac. Ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.”


Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè. Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou.


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman.


Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la! Li pwoteje nanm a fidèl Li yo. Li delivre yo nan men a mechan yo.


Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo; yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous. Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.”


Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo, e ou va souse tete a wa yo. Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, se Sovè ou e Redanmtè ou, Sila Ki Pwisan a Jacob la.


Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Chante a SENYÈ a, louwe SENYÈ a! Paske Li te delivre nanm a malere a soti nan men a malfektè yo.


Paske SENYÈ a te rachte Jacob. Li te rachte l soti nan men a sila ki te pi fò pase l.


Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad yo jis rive jou ke Jérusalem te vin kaptire a.


Alò, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pase lòd de Jérémie pa Nebuzaradan, chèf gad la. Li te di:


“Pran l e okipe l, pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”


Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa.


Li te di: “Gade! Mwen wè kat mesye lage k ap mache toupatou nan mitan dife a san yo pa gen anyen e aparans a katriyèm nan se tankou yon fis a dye yo!”


Men, men Achikam la, fis a Schaphan nan, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite