Epi Jehojada te fè yon akò antre SENYÈ a, wa a ak pèp la, pou yo ta devni pèp SENYÈ a, e osi antre pèp la avèk wa a.
Jeremi 34:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a apre Wa Sédécias te fin fè yon antant ak tout moun ki te Jérusalem yo pou libere yo: 1998 Haïtienne Men nan ki sikonstans Senyè a te pale ak Jeremi ankò. Wa Sedesyas te siyen yon kontra ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm pou yo te bay |
Epi Jehojada te fè yon akò antre SENYÈ a, wa a ak pèp la, pou yo ta devni pèp SENYÈ a, e osi antre pèp la avèk wa a.
Epi Jehojada te fè yon akò antre li menm avèk tout pèp la, e avèk wa a, pou yo ta pèp a SENYÈ a.
Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.
Alò, akoz tout sa, nou ap fè yon akò ki si, ki ekri; epi dokiman an sele, pa Chèf nou yo, Levit nou yo ak prèt nou yo.”
“Se pa jèn sila a ke M pito; pou lache lyann mechanste yo, pou demare kòd jouk la, pou lese oprime yo pran libète e kase tout jouk yo?
Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;
Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo.
Se konsa, nou va konsakre senkantyèm ane a e pwoklame remisyon toupatou nan peyi a, a tout abitan li yo. Li va yon jibile pou nou, e nou chak va retounen nan pwòp teren pa nou ak pwòp fanmi pa nou.
“Si moun peyi parèy nou yo, yon Ebre, gason oswa fanm, vann a nou menm, alò, li va sèvi nou pandan sis ane, men nan setyèm ane a, nou va ba li libète.