Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 23:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Epi Jehojada te fè yon akò antre li menm avèk tout pèp la, e avèk wa a, pou yo ta pèp a SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Lè sa a, Jeojada pase yon kontra ak wa a ansanm ak tout pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Senyè a yo ye.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 23:16
15 Referans Kwoze  

Alò, akoz tout sa, nou ap fè yon akò ki si, ki ekri; epi dokiman an sele, pa Chèf nou yo, Levit nou yo ak prèt nou yo.”


Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.


Epi Jehojada te fè yon akò antre SENYÈ a, wa a ak pèp la, pou yo ta devni pèp SENYÈ a, e osi antre pèp la avèk wa a.


Sila a va di: ‘Mwen pou SENYÈ a;’ epi lòt la va rele sou non Jacob; epi yon lòt va ekri sou men l: ‘Apatyen a SENYÈ a’, epi va nonmen non Israël ak respè.


Alò pou sa a, kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt selon lalwa a.


Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a.


Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo;


Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite