Kèk nan fis ou yo ki va sòti nan ou menm, ke ou va fè, va retire ale; epi yo va devni ofisye nan palè a wa Babylone nan.’”
Jeremi 29:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen ( lè Wa Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.) 1998 Haïtienne Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo. |
Kèk nan fis ou yo ki va sòti nan ou menm, ke ou va fè, va retire ale; epi yo va devni ofisye nan palè a wa Babylone nan.’”
Jéhu te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?” Konsa, de oswa twa linik ren nan te gade anba kote li.
Di a wa a ak manman rèn nan: “Pran yon chèz ki ba, paske bèl kouwòn ou an, kouwòn de glwa a menm, fin tonbe kite tèt ou.”
Pawòl SENYÈ a te demontre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone.
ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pa t pran lè l te pote Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, te fè sòti Jérusalem pou rive Babylone, ak tout gwo moun Juda ak Jérusalem yo.
Anplis, Mwen va mennen fè retounen nan plas sa a, Jeconia, fis a Jojakim nan, wa a Juda a ak tout egzile Juda ki te ale Babylone yo,’ deklare SENYÈ a, ‘paske Mwen va kase fado a wa a Babylone nan.’”
Pou sa, nou menm, koute pawòl SENYÈ a, nou menm ki ekzile yo, ke M te voye ale kite Jérusalem pou rive Babylone yo.
Men Ébed Mélec, Etyopyen an, yon enik, pandan li te lakay wa a, te tande ke yo te mete Jérémie nan sitèn nan. Alò, wa a te chita nan antre Pòtay Benjamin an.
Alò, nanpwen bòs fòjewon ki ta kab twouve nan tout peyi Israël la, paske Filisten yo te di: “Otreman Ebre yo va fè nepe yo oswa frenn yo.”