Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 29:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Lèt la te voye pa men Éleasa, fis a Schaphan ak Guemaria a, fis a Hilkija a, ke Sédécias, fis wa Juda a, te voye Babylone kote wa Nebucadnetsar. Li te di:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Jeremi renmèt lèt la nan men de moun Sedesyas, wa peyi Jida a, t'ap voye bò kote Nebikadneza, wa Babilòn lan. Se te Elasa, pitit Chafan ak Gemarya, pitit Ilkija. Jeremi voye di yo nan lèt la:

Gade chapit la Kopi




Jeremi 29:3
11 Referans Kwoze  

Lè yo te rele wa a, Élikiam, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la ak Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te parèt kote yo.


Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, Achikam fis a Schaphanb la, Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a:


Alò, Hilkija, wo prèt la, te di a Schaphan, skrib la: “Mwen te twouve liv lalwa a lakay SENYÈ a.” Konsa, Hilkija te bay liv la a Schaphan ki te li li.


Azaria te fè Halets; Halets te fè Élasa;


Schallum te vin papa a Hilkija, Hilkija te vin papa Azaria;


Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan nan, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di:


Konsa, wa Jojakim te voye mesye li yo an Égypte: Elnathan, fis a Acbor a e kèk lòt mesye avèk li te ale antre an Égypte.


Men, men Achikam la, fis a Schaphan nan, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.


Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo.


te voye retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.


Epi te kanpe devan yo, swasann-dis lansyen a lakay Israël yo, e Jaazania, fis a Schaphan an, te kanpe nan mitan yo, chak moun ak pwòp veso lansan li, e odè nwaj lansan an a t ap leve.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite