Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 13:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Alò, nanpwen bòs fòjewon ki ta kab twouve nan tout peyi Israël la, paske Filisten yo te di: “Otreman Ebre yo va fè nepe yo oswa frenn yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Lè sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayèl la yo pat ka jwenn fòjon paske moun Filisti yo te sòti pou pa kite ebre yo fè ni nepe ni lans fè.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 13:19
6 Referans Kwoze  

Konsa, li te mennen an egzil tout Jérusalem avèk tout kapitèn ak tout moun avèk gwo kouraj yo; di-mil kaptif, avèk tout mèt ouvriye ak tout sila ki konn fòme oswa fonn metal yo.


“Gade byen, se Mwen menm ki te kreye bòs fòjewon ki pou soufle dife chabon an, e fè sòti yon zam pou travay li. Mwen te kreye destriktè a pou l ka detwi.


Pawòl SENYÈ a te demontre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone.


( lè Wa Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.)


Yo te pito dye nèf yo. Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo. Èske gen lans, èske gen nepe, pami karant-mil lòm an Israël yo?


Konsa, tout Israël te desann vè Filisten yo, yo chak pou file pwòp cha li, pikwa li, rach li, ak wou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite