Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”
Jeremi 28:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Ale pale ak Hanania e di: ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou te kase jouk ki fèt an bwa yo, men ou fè rive olye de yo, jouk yo ki fèt an fè.” 1998 Haïtienne — Ale pale ak Ananya. W'a di l men sa Senyè a voye di ou: Ou te kraze yon jouk bèf fèt an bwa. Ou pral ranplase l ak yon jouk bèf fèt an fè. |
Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”
“Mwen va ale devan ou pou fè move kote yo vin swa. Mwen va kraze pòt an bwonz yo e fin koupe nèt ba an fè li yo.
Paske Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a: “Yo fè fo pwofesi nan non Mwen, pou m ka pouse bourade nou deyò pou nou ka peri, nou menm ak pwofèt ki fè pwofesi sa yo bannou yo.”
Jouk transgresyon mwen yo vin mare; ak men Li yo koude nèt ansanm. Yo te rive jis nan kou m; Li te fè fòs mwen vin kraze disparèt. Senyè a te livre m nan men a sila yo; kont yo, mwen pa ka kanpe.
Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo; ki te plen foli. Yo pa t dekouvri inikite ou pou restore ou sòti an kaptivite, men yo te wè pou ou vizyon pòt pawòl ki te fo, ki te egare ou.
Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa, lè M kraze jouk an fè Égypte la. Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li. Yon nwaj va kouvri li, e fi li yo va antre an kaptivite.
Pou sa, nou va sèvi lènmi nou yo ke SENYÈ a va voye kont nou, nan grangou, nan swaf, nan toutouni ak nan manke tout bagay. Konsa, Li va mete yon jouk fèt an fè sou kou nou jiskaske Li fin detwi nou.