Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 26:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Anverite, te gen yon nonm ki te pwofetize nan non SENYÈ a, Urie, fis a Schemaeja a, a Kirjath-Jearim. Li te pwofetize kont vil sa a e kont peyi sa a, pawòl parèy a tout sa a Jérémie yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat-Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.

Gade chapit la



Jeremi 26:20
9 Referans Kwoze  

Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, nanpwen nasyon oswa wayòm kote mèt mwen pa t voye chache ou. Lè yo te di: ‘Li pa la’, li te fè wayòm nan oswa nasyon an sèmante ke yo pa t kab jwenn ou.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa zansèt li yo te konn fè yo.


“Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.


Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.”


Kirjath-Baal, ki se Kirjath-Jearim ak Rabba; de vil avèk bouk pa yo.


Lizyè a te lonje rive e te vire won sou kote lwès la vè sid; soti nan ti mòn ki parèt devan Beth-Horon vè sid; epi li te fè bout li nan Kirjath-Baal (sa vle di Kirjath-Jearim), yon vil a fis a Juda yo. Sa se te kote lwès la.


Alò, fis Israël yo te deplase, e te vin kote vil yo a nan twazyèm jou a. Vil yo te: Gabaon, Kephira, Beéroth ak Kirjath-Jearim.


Konsa, yo te voye mesaje yo vè moun Kirjath-Jearim yo e te di: “Filisten yo te pote lach SENYÈ a retounen. Vin desann pran li monte kote nou an.”


Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen long—paske li te pran ventan avan tout lakay Israël te fè lamantasyon devan SENYÈ a.