Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 7:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen long—paske li te pran ventan avan tout lakay Israël te fè lamantasyon devan SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Bwat Kontra Senyè a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. Li te pase ventan la. Pandan tout tan sa a, tout moun pèp Izrayèl yo t'ap rele nan pye Senyè a pou mande l sekou.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 7:2
13 Referans Kwoze  

Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt; yo va konsole.


Ak dlo nan zye, yo va vini. Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo; Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo, sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a; paske Mwen se yon Papa pou Israël. Éphraïm se premye ne Mwen.”


Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.


Lè zanj SENYÈ a te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve vwa pa yo pou te kriye.


Alò, fis Israël yo te deplase, e te vin kote vil yo a nan twazyèm jou a. Vil yo te: Gabaon, Kephira, Beéroth ak Kirjath-Jearim.


Epi mesye nan Kirjath-Jearim yo te vin pran lach SENYÈ a e te pote li antre lakay Abinadab sou ti mòn nan, epi yo te konsakre Éléazar, fis li a, pou okipe lach SENYÈ a.


Konsa Samuel te pale a tout lakay Israël la, e te di: “Si nou retounen vè SENYÈ a avèk tout kè nou, si nou retire dye etranje yo avèk Asheroth soti nan mitan nou, si nou dirije kè nou vè SENYÈ a, e sèvi Li sèl, Li va delivre nou soti nan men a Filisten yo.”


Konsa, annou pote tounen lach Bondye pa nou an, paske nan jou Saül yo, nou pa t chache li.”


Anverite, te gen yon nonm ki te pwofetize nan non SENYÈ a, Urie, fis a Schemaeja a, a Kirjath-Jearim. Li te pwofetize kont vil sa a e kont peyi sa a, pawòl parèy a tout sa a Jérémie yo.


Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite